We’ve updated our Terms of Use to reflect our new entity name and address. You can review the changes here.
We’ve updated our Terms of Use. You can review the changes here.

Ou fè tw​ò​p

from UneXpected by Miu Haiti

/
  • Streaming + Download

    Includes unlimited streaming via the free Bandcamp app, plus high-quality download in MP3, FLAC and more.
    Purchasable with gift card

      $1 USD  or more

     

about

Afro/Caribbean/R&B

lyrics

Ou fè twòp

Verse 1
Ou rele m’ twa fwa pa jou
San konte tout sms ou yo
W’ap di m’ n’ansanm pou toujou
Pa okipe sa k’ap met bouch sou nou yo
Eske se paske ou panse ke se sa m’ vle tande
Tande ie ie
Chak apèl dire twazèdtan
Dèfwa m’domi nan telefòn nan

Men fòk sa chanje
Sinon kòd la ap kase
Mwen pap kontinye
Nan kondisyon sa a
Si w’ renmen m’ jan ou di’l la
Manyen bliye m’ monchè
Sa pap koute w’ chè pase sa

{chorus}
Cheri eske w’ pa wè
Ou fè twòp, Ou fè twòp
Eske se sèl mwen k' wè
Ou fè twòp, Ou fè twòp
Poudi se mwen k' lakòz
Ou fè twòp, Ou fè twòp
Poudi se mwen k' antò, ankò

Verse 2
M’bouke reponn apèl ou, apre minwi
M' fatige wè souri ou chak apre-midi
Lò mwen louvri pòt la
M’ santi pou ou m’tounen on dwòg la
Fi wap rele kòkòt la
Twouve w’anvayi l’ twòp la
Sa sifi l’ pou kòb la
L’ap di ou stop la

Men fòk sa chanje
Sinon kòd la ap kase
Li pap kontinye
Nan kondisyon sa a
Si w’ renmen l’ jan ou di’l la
Manyen bliye l’ monchè
Sa pap koute w’ chè pase sa

{chorus}

Mwen fin tounen
Yon obsesyon pou nonm sa
Si w’ konn jan l’enève m’
Lè l’ di mwen konsa
Cheri mwen fou pou ou
Men ka touye pou ou
Finalman m' twouve sa dwòl
Tanpri bondye di on pawòl
Paske san sa map fin fòl
Map fin fòl
Mwen fin tounen
Yon obsesyon pou nonm sa
Si w’ konn jan l’enève m’
Lè l’ di mwen konsa
Mwen fou pou ou
Ka mouri pou ou
Ka touye pou ou
Ankò pou ou
Toujou pou ou

Men fòk sa chanje
Sinon kòd la ap kase
Mwen pap kontinye
Nan kondisyon sa a
Si w’ renmen m’ jan ou di’l la
Manyen bliye m’ monchè
Sa pap koute w’ chè pase sa

{chorus}

credits

from UneXpected, released November 28, 2014

license

all rights reserved

tags

about

Miu Haiti Haiti

contact / help

Contact Miu Haiti

Streaming and
Download help

Report this track or account

If you like Miu Haiti, you may also like: